Achte, vann ak senplisite.
Livrezon ak pèman fyab e sekirize.
Dekouvri litudex, premye gwo mache dijital an Ayiti k'ap pwoteje lajan ou ak machandiz ou depi nan kòmand jiska livrezon gras ak yon ekosistèm estriktire, senp e sekirize.
Pèman sekirize
Transaksyon an sekirite total
Livrezon rapid
Nan tout depatman
Verifikasyon QR
Sekirite maksimòm
Asistans 24/7
Sipò tout tan
Kiyès nou ye ?
Litudex se yon konpayi teknoloji ayisyen ki fèt pou revolisyone fason moun fè komès anliy nan peyi a. Nou kreye yon gwo mache dijital (Marketplace) ki konekte achtè ak vandè dirèkteman, pandan n'ap pote yon solisyon solid pou de (2) pi gwo defi ki genyen nan mache lokal la: sekirite tranzaksyon yo ak rapidite livrezon yo.
Pou nou kapab garanti yon kontwòl total sou kalite sèvis n'ap ofri yo, nou chwazi kòmanse deplwaman nou an etap pa etap nan kat (4) vil estratejik nan peyi a : Okap, Wanament, Ench, ak Gonayiv.
Vizyon nou klè : rann komès la 100% dijital, san tèt chaje ak san manipilasyon lajan kach. Litudex pa sèlman yon aplikasyon sou telefòn, se yon enfrastrikti lojistik konplè ki la pou soutni kwasans boutik yo epi rann lavi achtè yo pi senp, depi nan premye klik la rive nan livrezon final la.
Peye fasil, peye sekirize
Nou aksepte plizyè mwayen peman pou satisfè tout bezwen ou yo
MonCash
NatCash
Visa
* Tout opsyon peman yo garanti ak pwoteksyon avanse
Sèvis nou yo
Eksperyans san friksyon pou tout moun
Platfòm Komès Entelijan
Yon espas modèn kote boutik, mak, ak komèsan ka kreye vitrin yo, prezante pwodwi yo ak jere kòmand yo san difikilte teknik.
Rezo Depo ak Lojistik
Depo fizik (Hubs) ki konekte Okap, Wanament, Ench, ak Gonayiv pou yon livrezon rapid ant vil yo.
Sekirite Tranzaksyon pa QR
Validasyon livrezon ak transfè lajan fèt sèlman ak yon kòd QR inik pou chak kòmand — sekirite total pou achtè, vandè, ak livrezon.
Fòmasyon ak Akonpayman
Nou ede boutik ak komèsan lokal yo aprann prezante pwodwi yo, jere estòk anliy, ak ogmante lavant pou pi bon rannman.
Piblisite ak Vizibilite
Zouti maketing pou pwodwi ou parèt an avan sou platfòm nan. Nou bouste vizibilite biznis ou pou w vann pi vit epi jwenn plis kliyan chak jou.